
- Doctor
- Medical
I am a pulmonary, critical care doctor who currently works for University of California Los Angeles (UCLA).
I came to Ti Kay for the first time in 2011 during my pulmonary fellowship training. I initially found out about Megan Coffee’s work through social media (Facebook, twitter, Ti Kay website) and couldn’t wait to spend some time there. Once I arrived, I immediately fell in love with the patients, nurses and support staff in the hospital, and have returned several times since. What I like most about Ti Kay is working within the Haitian health community as opposed to an American only organization. I love learning and growing as a person and doctor through my experiences with the Ti Kay community and look forward to many future trips and work there
Dr. Ora se yon doktè ki spesyalize nan swen entansif ak poumon, kap travay aktiyèlman nan Inivèsite Kalifòni, Los Angeles (UCLA).
Li te vin travay ak Ti Kay premyè fwa an 2011, pandan li tap fè espesyalizasyon poumonè, paske li te anvi ogmante sa li tap aprann nan Lopital Highland, an Oakland, Kalifòni, kote li tap pran swen moun ki fè tibèkiloz. Li te tande pale de travay Megan Coffee a atravè medya sosyal (Facebook, Twitter, sit entènet Ti Kay la) epi li te vrèman anvi pase yon bon ti tan an Ayiti. Depi li rive, li tonbe danmou nèt ak malad yo, mis yo (ayisyen kou entranje), manm staf klinik la, epi li gentan tounen plizyè fwa depi lè sa a. Sa li plis renmen nan Ti Kay la se ke Ti Kay se yon òganizasyon kap travay men nan men ak kominote lasante an Ayiti, se pa yon òganizayon ki gen ameriken ladan l sèlman. Li renmen aprann ak devlope kòm moun e kòm doktè atravè eksperyans li fè avèk Ti Kay, epi lap kontan vin vizite ak travay an Ayiti anpil nan lavni.